Migrasyon ak sante nan Chili: Yon ti koudèy nan Lopital Carlos van Buren, Valparaíso. Guy Juillet

Rezime

Migrasyon pou ale Chili te kòmanse ap ogmante depi nan ane 90 yo e li te genyen kòm faktè de aktraksyon, estabilite makwoekonomik, kwasans ak devlopman, tankou ogmantasyon nan depans piblik sosyal ki te pèmèt yo redui lapovrete ak bay peyi a yon rekonesans o nivo entènasyonal, nan sans sa a yo te vin konsidere Chili kòm yon modèl nan Amerik Latín nan ak Karayib la.

Se konsa kantite imigran ki nan Chili vin ogmante pandan dènye ane yo, nan sans sa a, o nivo gouvènmantal, otorite yo te pran desizyon pou mete nan pwogram politik piblik yo respè dwa zimen pou imigran yo, pou ka enkli yo nan plan sante, edikasyon, aksè pou yo genyen kay pou yo rete, eksetera. Konsènan ka nou ap analize kounye a, nou kapab fè nou konnen ke nan lane 2015 gouvènman chilyen an te fè yon gran efò ki te abouti ak kreyasyon de yon politik de sante pou imigran entènasyonal yo. Pou kontinye ak inisyativ sa a, nan lane 2018 Lopital Carlos van Buren te deside amplwaye yon Fasilitatè Entèkiltirèl pou kapab kontribye nan eliminasyon baryè lenguistik nan swen ke pwofesyonèl sante yo genyen pou bay imigran yo atravè tradiksyon ak entèpretasyon, an plis fasilitatè entèkiltirèl la genyen pou li oryante ekip sante lopital la nan domèn entèkiltirèl pou kapab amelyore swen y´ap bay pasyan yo nan lopital la.

Mo kle yo: Imigran, Sante, Lopital Carlos van Buren, Baryè lenguitik, Entèkiltiralite, Chili.

Entwodiksyon

An jeneral yo kapab agimante ke “fenomèn migrasyon an se pa yon bagay ki nouvo, men nan dènye deseni yo pandan XX tyèm syèk la li vin genyen yon ogmantasyon san parèy. Motivasyon ki sèvi angrè pou developman fenomè sa a, yo anpil, anpi teori yo ki eksplike li nou jwenn yo nan plizyè lekòl de panse, soti nan teori klasik yo pou rive nan avangadis yo. Sepandan, genyen yon ide ki pèsistan ladan yo, ide sa a genyen rapò ak motivasyon endividi yo, sa vle di, sa ki motive yo pou yo deplase kite peyi yo, objektif final la se jwenn yon meyè rantabilite” (Juillet, 2018, pág. 154). Nan zafè deplasman imen an, chif yo ap vin ogmante pi plis, ´´an akò avèk òganizasyon Nasyon Zini, ONU (sig an espanyòl), nan ane 2015, yo te repòte 244 milyon migran entènasyonal nan mond la, sa fè yon 41% plis ke sa yo te repòte nan lane 2000. Nan Amerik Latin nan ak Karayib la prè de 28 milyon moun se imigran entènasyonal yo ye, ak anviwon de 7,6 milyon moun ki rete nan Amerik Latin nan sèlman, san Karayib la pa ladan li, se migran entènasyonal (CEPAL, 2015)” (Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud, 2015, pág. 6).

Nan peyi Chili, migrasyon te kòmanse grandi depi nan ane 90 yo. Kèk nan koz yo ki te pwovoke ogmantasyon imigran yo se tout sòt de pwoblèm ki genyen nan peyi yo k´ap founi imigran yo, pa egzanp: dezas natirèl, konfli entèn, povrete, ensekirite e nan anpil ka tou se mondyalizasyon an ki pèmèt sa. Men nou kapab fè yon ti kanpe pou yon ti moman pou nou panse pandan n´ap poze kesyon sa a: poukisa moun yo se Chili yo te Chwazi ale? Mwen kapab afime, selon pwòp eksperyans mwen, ke sou plan entènasyonal depi ke Chili te soti nan diktati li te ye a, majorite nan peyi Amerik Latin nan te pran li kòm yon modèl pou politik ekonimik li yo ki popilè anpil, pou rediksyon mizè li rive fè lakay li, pou kwasans ak devlopman ekonomik, pou estabilite politik li genyen lakay li, pou bon nivo edikasyon, eksetera. Toutfwa, si nou ta ouvri yon parentèz, soulèvman sosyal ki kòmanse nan peyi a nan mwa oktòb 2019 la, li montre ke “ilizyon yo van” de Chili sou mache entènasyonal la pa fin twò reyèl, paske nou wè popilasyon an ap mande avèk anpil fèmte anpil chanjman estriktirèl.

Pase sou migrasyon ak sante nan Chili

An nou reprann ankò sijè migrasyon nan peyi Chili, depi lane 2015 dirijan yo t´ap travay pou fè respekte dwa imigran yo genyen pou yo ka jwenn swen sante nan Chili , se pou tèt sa gouvènman Michelle Bachelet a, ki te konsyan de pwoblèm aksè ki genyen pou imigran nan sistèm sante nan peyi a, li te deside ´´ avanse nan kouvèti inivèsèl de fason enkliziv, pou tout kouch nan popilasyon an, imigran yo enkli tou, sa trè estratejik e li kontribye nan amelyorasyon rezilta de sante ak pwoteje sante popilasyon an´´ (Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud, 2015, pág. 7). Nan fason sa a, yo te kreye Politik de Sante pou Migran yo, pwosesis la te montre depi o kòmansman ke li ta baze nan patisipasyon sosyete a, li te kòmanse nan devlopman plizyè plan pilòt nan kèk zòn e entèvansyon an te santre nan atansyon primè, anplis yo te reyalize 3 joune nasyonal de siveyans ak evalyasyon pa entèmedyè de pilòt de sante pou imigran yo e yo enkòpore dyalòg de sitwayen kote yo te reyini anpil otorite nan sosyete a. Konsa yo te etabli bi Politik de Sante Migran Entènasyonal yo, ki se: Kontribiye o maksimòm pou leta sante imigran entènasyonal yo, avèk ekite, pandan y´ap mete anfaz sou prensip dwa zimen yo´´(Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud, 2015, pág. 37)

Konsa, mwen vle atire atansyon nou sou direktiv estratejik No.2 de politik sa a, ki di ke yo dwe kreye yon sistèm ki sansib pou tout migran e sa a ta dwe rive fèt pa mwayen de plizyè aktivite, tankou:

  1. Aksè ak enfòmasyon opòten e adekwa sou dwa ke yo genyen konsènan sante, non diskriminasyon, pou tèt sa yo kreye estrateji de patisipasyon sosyal ak rediksyon de anpil baryè ke yo ta kapab genyen nan zafè lang. Sa mande pou ´´genyen yon ansanb de fonksyonè nan domèn sante, ki fòme nan sans sa a pou yo kapab bay sèvis ak popilasyon sila a, fonksyonè sa yo dwe genyen konesans nan dwa zimen, divèsite kiltirèl, sante ak migrasyon´´(Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud, 2015, pág. 38). Nan menm inisyativ sa a tou, yo te wè ke li nesesè pou yo ta enkli nan program inivèsite yo sijè ki genyen rapò avèk sante e migrasyon, divèsite kiltirèl, eksetera. ´´Nan yon lòt bò, yo pral mete sou pye anpil aksyon de difizyon, seminè oubyen sansibilizasyon pou fonksyonè yo k´ap travay nan lasante tankou sila yo tou k´ap travay nan etablisman ki bay sèvis ki genyen rapò avèk sante tankou, FONASA, SEREMI de sante ak tout lòt òganism, nan objektif pou diminye brèch (difikilte) yo nan domèn enfòmasyon, anpi pou diminye tou diskriminasyon ke yo te revele pandan dyalòg sitwayen yo” (Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud, 2015, pág. 38).
  2. Akseptabilite: Yo te panche sou nesesite ki genyen pou diminye baryè sosyal ak kiltirèl ki egziste ant ekip de sante yo e pasyan yo, diminisyon sa a, ap rive fèt pa mwayen de pwogram y´ap mete sou pye pou amelyore mwayen de kominikasyon ant 2 gwoup sa a yo. Nan sans sa a, yo te wè nesesite ki genyen pou anplwaye yon fasilitatè entèkiltirèl avèk tradiktè e yo te anvizaje anpil lòt estrateji digital ki ap pèmèt konpreyansyon mityèl, rezolisyon de konfli ak yon meyè koabitasyon kiltirèl.

Lopital Carlos van Buren ak sipò li pou imigran yo

Lopital la pran ankonsiderasyon Politik de Sante pou Migran e li analize tou, kantite imigran ki vin chache swen lasante pa jou e nan plizyè okazyon yo pa ka byen resevwa yo paske anpil ladan yo pa pale espanyòl, sitou imigran ayisyen yo. Nan sans sa a, pandan lane 2018 la, dirijan lopital Carlos van Buren, yo te pran desizyon pou anpwaye yon Fasilitatè Entèkiltirèl, pou kenbe vizyon gouvènman an plas la, yo te reyalize yon konkou piblik.

Guy Juillet

Travay mwen kòm Fasilitatè Entèkiltirèl te kòmanse nan mwa me 2018, kote mwen te kòmanse ap bay sèvis tradiksyon ak entèpretasyon ak tout pasyan ki genyen baryè nan Lang espanyòl la ak ede fonksyonè lopital la nan tout sa ki genyen pou wè ak sèvis y´ap bay etranje yo. Anplis, youn nan premye responsabilite yo te ba mwen se te reyalize kou kreyòl ayisyen pou fonksyonè yo, kote te genyen anviron 47 moun ki te patisipe nan 2 kou yo ke mwen te reyalize a. Chak kou te dire 8 seyans e chak seyans te dire 3 zè de tan.

Lòt aktivite ke mwen reyalize se fè plizyè prezantasyon sou kèk tèm espesifik, nan Lopital Carlos van Buren ak lòt enstitisyon tou, tankou: Inivèsite de Valparaíso, Inivèsite Las Américas, Sant de sante ak anpil lòt lopital nan rejyon an, pa egzanp lopital de Sikyatri del Salvador, nan Gouvènasyon Valparaíso a, eksetera. Nan tèm yo ke mwen konn abitye trete yo, nou kapab mansyone. Swen ospitalyè pou imigran ayisyen yo; Ayiti: Istwa ak kilti; Nivo de swen nan sante fanm ansent yo; Ayiti: Tradisyon e Medsin, pou m´ site sa a yo sèlman. Youn nan dènye evenman ke mwen te patisipe kòm entèvenan se te yon kou sou atansyon pou pasyan migran yo (novanm ak desanm 2019), kou sa a te fèt pou fonksyonè APS e mwen te travay an kolaborasyon ak kèk fonsyonè SSVSA.

Anplis de sa, nan plizyè okazyon pandan lane 2018 ak 2019, mwen te bay sipò mwen kòm tradiktè nan Lopital sikyatrik del Salvador, nan sant sante Jean Marie Thierry, nan kay kote yo resevwa imigran, yo konn mande pou mwen ale bay kout men tou kote ki genyen ayisyen ki nan difikilte nan lè ki pa lè travay mwen, e mwen konn bay sipò mwen tou nan telefòn.

Lòt travay mwen fè tou se tradui materyèl enfòmatif ki an espanyòl yo an kreyòl, matryèl sa a yo, yo distribiye yo bay pasyan yo ki pa pale espanyòl, mwen fè anrejistreman vokal ak videyo tout sa a yo se estraji n´ap chache pou ka fè mesaj la pase pou sila a yo ki pa konprann Lang espanyòl la.

Nan menm objektif pou nou ka rann travay la pi efikas, mwen paticipe nan plizyè reyinyon pou nou kapab pote solisyon ak anpil pwoblèm ke imigran yo ap konfwonte, pi souvan mwen toujou akonpanye asistan sosyal e anpil fwa reyinyon sa a yo konn fèt nan yon biwo ki rele “Participación Ciudadana”.

Pou mwen kapab montre estatistikman travay mwen te rive fè pandan peryòd me 2018- desanm 2019 la, pi devan mwen pral prezante nou yon graf kote ladan li mwen pwouve ke mwen te fèmen lane 2018 la ak yon total de 2271 moun ke mwen te resevwa e lane 2019 la te fèmen ak yon total 4967 sa ki vin fè yon total de 7238 ka ke mwen te rive trete pandan 19 mwa.

Graf: kantite moun mwen te resevwa,

me 2018-desanm 2019

Sous: Pwòp elaborasyon mwen, men mwen pran done yo nan aktivite ke mwen reyalize chak jou nan lopital la.

Jan nou ap gade li nan graf pi wo a, nou ka kalkile yon mwayèn pou chak mwa pou tout moun nou resevwa, k´ap bay: 284 pou lane 2018 la e 414 pou lane 2019.

San dout, depi lè mwen kòmanse travay nan lopital la, detanzantan yo fè kèk ti aranjeman nan fason yo te prevwa pou mwen travay e gen chanjman tou ki fèt nan fason ke mwen anrejistre rezilta travay yo; pa rapò ak lane 2018 la, pou lane 2019 la, mwen rive reyalize travay mwen ak plis otonomi e pou kounye a mwen santi ke mwen fè pati entegrant ekip lopital la, anpi majorite nan pwofesyonèl ki toujou mande èd mwen yo, nou youn vin konn lòt pi byen e konsa tou nou youn respekte lòt, mwen kapab di ke nou ap travay nan yon anbyans de tratènite.

Ann konsidere analiz done estatistik yo, konsènan kote ki plis mande sèvis mwen kòm Fasilitatè Entèkiltirèl (gade tablo swivan an), nou kapab konkli ke pediatri, ijans pou gran moun yo, Sal kote yo mete medanm yo lè yo fin akouche, ak lòt zòn kote yo pran swen fanm sitou sila yo ki ansent (jinekoloji pou gwosès a risk, patoloji obstetrik, sal akouchman, ekografi matènite, eksetera.), se kote sa a yo, yo te plis mande sèvis mwen pou lane 2019.

Tablo: Prensipal zòn kote mwen bay sèvis, 2019

Sous: Pwòp elaborasyon mwen, men mwen pran done yo nan aktivite ke mwen reyalize chak jou nan lopital la.

Si mwen vle fè yon analiz sou fonksyon mwen te genyen lè mwen fenk kòmanse travay la, mwen ka fè yon konparezon ant travay mwen te konn fè avan yo ak sa yo ki vin ajoute yo, menke se yon fason brèf, m´ap prezante nou sa nan tablo swivan an.

Dyagram: Aktivite Fasilitatè Entèkiltirè la

Sous: Pwòp elaborasyon avèk baz done ki rezolisyon No. 2026 (08-02-2018), ladan li yo etabli lòd pwosesis de seleksyon pou Fasilitatè Entèkiltirèl la.

San oken dout, eksperyans mwen nan lopital la trè anrichisan e li pèmèt mwen konnen anpil reyalite diferan e pataje konesans mwen yo de fason entèkiltirèl. Anplis li pèmèt mwen kontinye fè kou, yon aktivite ki se yon pasyon nan lavi mwen.

Lòt bagay enpòtan ankò, sè ke, an Ayiti, mwen te konn tande kèk kwayans konsènan sa ki gen pou wè ak lasante, men nan lopital la mwen vin kapab konnen de premyè men sa anpil konpatriyòt mwen yo panse sou kèk maladi, sa ki anpil fwa trè diferan de sa lasyans di sou maladi sa yo. Pa egzanp, anpil pasyan ki enfekte de viris VIH, yo genyen abitid di se mal yo fè yo, yo pa konn vle akspte maladi a; sepandan, devwa mwen kòm Fasilitatè Entèkiltiryèl se fè yo pran konsyans de reyalite ke y´ap viv la, menm ke yo kapab toujou rete kenbe kèk kwayans ke yo genyen. Lòt ka ankò, se kèk moun ki pa kwè nan medikaman oksidantal yo, yo prefere pran medsin natirèl oubyen yo refere yo ak kesyon espirityèl (lapriyè, ale kay ougan, eksetera).

Nan fason sa a, mwen fini pa dekouvri ki kantite difikilte ke pèsonèl lopital la genyen pou bay bon jan swen ak konpatriyòt mwen yo pou tèt kesyon diferans kiltirèl ki trè gran ant 2 pèp sa a. Pi devan, m´ap prezante nou kwayans ak koutim nan kèk moman ki konn afekte sèvis pwofesyonèl yo ap bay nan lopital la:

  • Yon bon kantite nan ayisyen yo pa gen koutim ale lopital
  • Anpil nan yo pa twò genyen konfyans nan medsen modèn yo
  • Yo pa totalman kwè nan medikaman yo
  • Yo pa renmen manje yo
  • Manman ayisyèn yo manifeste lanmou (apego) pou pitit de fason diferan pa rapò ak chilyèn yo
  • Pwoblèm lang
  • Anpil nan nou wont pou lòt ayisyen parèy nou pa konnen ki maladi nou soufri
  • Krente pou deklare ke yo pa konn li

Wi, pa gen manti nan sa, difikilte yo egziste, men se pa tout ayisyen yo ki panse menm jan; alò nan lojik sa a, travay mwen kòm Fasilitatè Entèkiltirèl se mete tout moun an konfyans kit se pasyan yo kit se pwofesyonèl sante yo k´ap travay nan lopital la, anpi piti, piti fonksyonè yo ap fini pa konprann koutim ke nou genyen kòm ayisyen. Konsènan sa mwen sot eksplike la a, sa pa vle di ke nou tout ayisyen nou genyen menm kwayans ak menm koutim, men wi genyen yon bon pati nan nou ki panse konsa, e se majorite nan ayisyen sa a yo ki frekante lopital la.

Pa egzanp, konsènan sa nou rele “apego” a, anpil matwòn te toujou konn ap mande mwen si ayisyèn yo pa renmen karese pitit yo lè yo fenk fèt, paske yo pa montre okenn angouman pou timoun yo lè yo fenk fèt, wi, manman ayisyèn yo genyen amou ak tandrès pou pitit yo, men yo pa eksprime li menm jan ak manman chilyèn yo. E an Ayiti lè timoun nan kenk fèt avan yo prezante manman an li, yo netwaye li, yo mete rad sou li aprè yo pase manman an li. Manman ayisyèn yo, lè yo fenk akouche yo toujou konn ap mande doktè yo antibyotik, e selon medsen yo si moun nan pa fè enfeksyon li pa bezwen medikaman sa a, men se yon koutim sa ye an Ayiti, anpil manman lè yo fin akouche yo toujou pran antibyotik. Nan sans sa a, nan plizyè reyinyon ki konn fèt nan lopital la, mwen toujou pran san mwen pou mwen eksplike responsab yo diferans sa a yo ki egziste ant nou menm pèp ayisyen ak pèp chilyen an, e mwen toujou pale ak pasyan ayisyen yo pou mwen montre yo ke genyen anpil diferans ant medsin syantik la ak medsin tradisyonèl la, e menm nan medsin syantifik la se pa tout peyi ki pratike li menm jan.

Lòt bagay ki konn fè ayisyen yo pa alèz ankò, se lè yo rive lopital la, yo di yo se yon sant sante ki pou derivé (voye) yo nan lopital la oubyen nan pati ijans la pou yo ta pase avan. An Ayiti sa pa konsa, nan nenpòt lopital ou rive depi yo genyen pati ki ka wè ka pa w la y´ap resevwa ou. Nan sans sa, anpil nan nou toujou ap revandike ke yo ap fè nou pèdi tan, men se pa pèdi tan se konsa, sistèm sante Chili a fonksyone.

Konklizyon

Chili fè yon gwo pa konsènan sa yo rele respè dwa imigran entènasyonal yo, sitou nan sa ki gen pou wè ak fasilitasyon pou aksè nan sistèm sante chilyen an.

Lopital Carlos van Buren depi nan lane 2018 te ranfòse kapasite li pou li ka bay imigran yo yon meyè atansyon, nan sans sa a li te amplwaye yon Fasilitatè Entèkiltirèl, yon fason tou pou li kapab mete an aplikasyon Politik de Sante pou Imigran Entènasyonal yo, e efektivman sa pèmèt lopital la bay yon meyè sèvis a imigran yo sitou sila yo ki genyen difikilte nan lang espanyòl la e sa pèmèt yo tou konprann diferans kiltirèl ki egziste ant ayisyen yo ak chilyen lo.

Youn nan pi gwo bagay ki rive fèt nan sans sa a, nan moman aktyèl la, pasyan yo ki mande kolaborasyon mwen yo, yo santi yo pi alèz paske yo genyen yon konpatriyòt yo ki ap ede yo, konseye yo ak akonpanye yo nan tout sa yo genyen pou yo regle nan lopital la, yo nan yon peyi ki pa peyi yo, yon lang yo pa konn pale ak yon kilti ki nètman diferan ak pa yo, nan sans sa a prezans mwen soulaje yo.

Finalman, mwen kapab mansyone ke travay mwen kòm Fasilitatè Entèiltirèl se yon gran eksperyans li ye nan lavi pwofesyonèl mwen, mwen aprann anpil bagay konsènan sa ki gen pou wè ak lamedsin, deja sa pa nan chan etid mwen, anplis sa ede mwen a konprann konpòtman pasyan ayisyen yo nan sa ki gen pou wè ak reyaksyon sou anpil maladi ke yo diskrimine anpil an Ayiti. Sa pèmèt mwen familyarize m´ ak anpil pasyan, nan sans sa a, mwen konseye yo, mwen tradui pou yo, sitou lè yo genyen dout, lè yo bezwen plis eksplikasyon nan men yon doktè. Jan mwen sot mansyone sa la a, tan mwen genyen depi lè m´ap travay nan lopital la, sa ba mwen anpil eksperyan trè rich, sitou mwen jwenn opòtinite pou mwen travay tou nan chan ke mwen abitye travay, onivo pèsonèl mwen santi ke mwen ap akonpli yon gran misyon.

Bibliyografi

Equipo Asesor Sectorial de Salud de Migrantes. Ministerio de Salud – FONASA – Superintendencia de Salud. (2015). Ministerio de Salud. Recuperado el 05 de 01 de 2020, de https://www.minsal.cl/wp-content/uploads/2015/09/2018.01.22.POLITICA-DE-SALUD-DE-MIGRANTES.pdf

Juillet, G. (2018). La Realidad Socioeconómica de los Inmigrantes Haitianos en Chile y sus Perspectivas. Revista Chilena de Relaciones Internacionales, 153-179. Obtenido de https://rchri.cl/wp-content/uploads/2019/01/ilovepdf_merged-22-155-181.pdf

Print Friendly, PDF & Email
Ir al contenido